Music
Wendy sou wout pa jwenn Plas Sentwoz la pou vant siyati an

Wendy Traka, nan moman an, ap fè anpil bri pou premye vant siyati twazyèm albòm li an “King rete King” demen madi 27 novanm nan sou Plas Sentwoz, Leyogàn.
Yon jou avan, tankou sa te fèt 27 desanm ane pase a pou premye konsè fen ane l la, kote La Meri te anile otorizasyon pou evènman an fèt nan Pak Gérard Christophe la, Wendy nan gwo traka pou l ta kenbe espas Plas la ankò.
Sa k pase?
Paske Lameri pa t travay akòz evènman semèn pase yo, se nan bouch Majistra prensipal la Mauclair Désir te bay Wendy yon “ui” pou l itilize plas la. Se jodi lendi an, lè premye sitwayen komin nan mande Direktè Jeneral li Alexandre Michel, pou mete sou papye otorizasyon an, l ap aprann yon Lig Pastè te deja jwenn otorizasyon pou itilize plas piblik la sòti lendi sa pou rive vandredi k ap vini la, pou yon kwazad.
Tout enstalasyon sistèm son ak ekleraj gentan fèt, nan moman Hitliye ap pibliye atik sa, sou Plas Sentwoz, pou reyalizasyon semèn Kwazad sila. Menmsi, gen ti pale k ap fèt pou w wè si ta gen antant nan mitan de pati yo pou Pastè yo ta va chome jou madi a pou bonè rapè Yogann nan ak fanatik li yo. Èske Wendy pral chanje espas Jan l te fè sa pou konsè a oubyen li pral bay Vant Siyati sa vag? N ap suiv.
Diery Marcelin
dierymarcelin@yahoo.fr
-
RAP3 months ago
Nan Block Mwen – Dan-Ruff Feat Buga-D – Chedy – Up Oze
-
Music3 months ago
True Bad x Chedy x Master Crank Epaw Sou Menw prod by Tchekesa Records
-
Kanaval4 weeks ago
La Fimen – Bel Plezi ( KANAVAL 2019 )
-
Music3 months ago
J Smith Kisa Pou Nou Fe prod by Tchekesa Records
-
RAP3 months ago
Daben G.O. feat. Chedy Men Mwen prod by Tchekesa Records
-
Kanaval3 weeks ago
Nou Pou Ayiti – Rozo-G x Mada Mada x Steevibe (Kanaval 2019)
-
Society2 weeks ago
Une homosexuelle haïtienne vivant au Chili a peur de retourner au pays avec son épouse
-
Konpa6 months ago
Love To Love – @DjFredomix (Mixtape Compas 2018)